kite l ale - wellborn lyrics
[ wellborn kouplè 1 ]
san yon memo san fè bri ou jis vire do w w ale
m te bouke fè w soufri m pa t konn koute lè w ap pale m
m brize kè w rèv ou m detwi
se kounya m wè se ou m te vle
fò m te peye le prix pou m te konnen m pèdi mwatye m
lè w pran nan on kout foud w pa fasil wè si lanmou sa vrè
m t ap kale kò m nan djouba a san panse ak kontredans lan
nòmal si m f on move chwa pou m peye konsekans lan
se lè m pa wè w nan vi m vrèman rann kont lanmou avèg
mwen merite tout blam yo m konprann se pa tout fi k vo la pèn
m t ap anflame sou kè w dlo je w ki etenn tout flam yo
rekòmanse a difisil domaj do w gentan lwen
m t ap mete w sou pyedestal si nan vi m ou ta retounen
[ refren * stan ]
sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba
sèlman rayi wout la lè w manke lakay
ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale
e ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
e ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
[ wellborn kouplè 2 ]
ou son danre ra difisil ankò pou m ta jwenn sa
m p ap janm bliye tout sakrifis ou yo menm si m ta engra
w te ban m tout ou menm pa t gen kenn rezon pou m te lase
k on inyoran m t ap chache byen lwen yon trezò ki te anba je m
si sa k pa m lavalas p ap pote l rès istwa a pou desten
m p ap oze di w padone m m konsyan m fè w plis mal ke byen
m tèlman fè w pase mati istwa sa manke rann ou fòl
mank ou fè m wè on nuit sifi pou fè w wè jan lanmou dwòl
kreyon listwa san gòm mal la deja fèt m pa ka nye sa
kounya m pataje pèn ou byen malere kama te la
sa k ta di pou moun m t ap brize w la t ap brize m apre
se ak remò tristès ak doulè m oblije kite w ale
[ refren * stan ]
sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba
sèlman rayi wout la lè w manke lakay
ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale
e ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
e ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
[ stan * pon ]
malgre l te ofri w kè l pou li ou pa t prè
se aprè yon gwo so ou konn sekèl yo
twò ta w vin rann kont jan l te konte pou ou
malgre tout mal ou fè pou padone w l te prè
ou menm wa l livre w bay yon lòt k ap brize kè w
poutan l te la w kite l ale
[ refren * stan ]
sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
sèlman konnen w te wo lè ou santi w ba
sèlman rayi wout la lè w manke lakay
ou sèlman konnen w renmen l lè w kite l ale
e ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
e ou kite l ale (ale) (ale) (ale) (ale)
[ fen * stan ]
sèlman bezwen limyè a lè l ap briye fèb
sèlman manke solèy la lè l komanse frèt
ou sèlman konnen w renmen l lèw kite l ale
e ou kite l ale
Random Song Lyrics :
- calypso melody - christian lyrics
- espacio - anvy_zzz lyrics
- tyhjäpää - orvokki lyrics
- passport - pay (dnk) lyrics
- fake love - helabroke lyrics
- ufo - mme buckz lyrics
- чародей (wizard) - rehellinen lyrics
- τι είναι κράτος (ti einai kratos) - kitrina podilata lyrics
- bloom - corella lyrics
- treli garyfalia - giorgos zabetas (jr) lyrics