lirikcinta.com
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

pwazon - harmonik, troubleboy lyrics

Loading...

ou son manje an pwazonnen ki gou nan bouch mwen
yon lanmou ak kè plen ki vle banm kè tounen
m anvi pouse w m anvi jete w menm vle w ret sou mwen
ou rayi m m renmen w se tout sam santi anndan kè mwen
ou pran kè m ou rache l′, mete l dòmi nan seren
nan fè mwen mal ou pran plezi ou pa janm fennen
ou pran tout tan w. ou pran san w pou ou ka fèm lapèn
babe, ou bliye sa w ye pou mwen
epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè oooohh
m pa konn kisa pou m ta bay ankò
pase tout tan ap batay pou nou ka viv an pè
babe, ou bliye sa w ye pou mwen
epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè oooohh
m pa konn kisa pou m ta fè ankò
ti krik ti krak
ou byen boude se la w pran tout vi m
achiv ou byen monte pou w toujou jwe wòl viktim
se byen domaj ou pa ka wè se ou kap fè krim ohhhw
ou pran tout tan w. ou pran san w pou ou ka fèm lapèn
babe, ou bliye sa w ye pou mwen
epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè oooohh
m pa konn kisa pou m ta bay ankò
pase tout tan ap batay pou nou ka viv an pè
babe, ou bliye sa w ye pou mwen
epi w derefize ou pa vle pou n fè lapè, oooohh
m pa konn kisa pou m ta fè ankò
*troubleboy*
ou bliye sa w ye pou mwen m pat atann
mwen m konn sa m ye pou ou m pa konprann
ou dim ou pa care
tout sam di ou pa kwè
men an réalité m konfonn
ou fè m konfonn jwa ak tristès paske lè m kote w fache
m avè w m pou kò m paske kontantman w kache
epi marye ak tris fè tan w paske tout sa m di w fache
m anvi kite w m pa kapab paske kè m ap rache
m pa bezwen pri m peye lòv renmen ebyen m peye pri a
kite w kraze kè m lanmou m ba ou piyay
m gade jan w ap viv avèm m di banm solo
bag*y sa ap sakaje m nicky banm solo
solo solo solo (4)
ou son pwazon pou mwen (4)
(nicky banm solo)
solo solo solo (4)
ou se maladi mwen
maladi mwen ooooh
e medikaman m an menm tan
an menm tan (an menm tan)
maladi mwen
e medikaman m an menm tan
an menm tan (an menm tan)
ou tankou yon kleren
menm sim konnen w pral banm tèt fè mal
fò m bwè w kanmèm
yon manje gate
menm sim konnen w pral banm vant fè mal
fò m pran w kanmèm
cheri, ou se maladi mwen
maladi mwen
e medikaman m an menm tan
an menm tan (an menm tan)
maladi mwen
e medikaman m an menm tan
an menm tan (an menm tan)
ou tankou yon kleren
menm sim konnen w pral banm tèt fè mal
fò m bwè w kanmèm
yon manje gate
menm sim konnen w pral banm vant fè mal
fò m pran w kanmèm

Random Song Lyrics :

Popular

Loading...