pa kite m - d-fi powèt revòlte lyrics
[kouplè]
m pa mòd nèg lè l pèdi bann, se kapòt l ap akize
m te toujou di m ap sispann jou sa sispann amize m
lè m nan sitiyasyon m pa ka kontwole, m panike
m ap wete kò m avan ou al kite m
ou te di m, siksè ka manje m, li mal pou donte
ou te di m, pi bon mwayen pou pa tonbe, se pa monte
ou te di m m pa machann mizik, jòb mwen se kreye
nouvo ennmi m yo se ap ansyen frè m yo
c’est le prix à payer
e chak fwa m ap gad pakou m, konsidere m beni
messi pa fè inanimite, m ap toujou jwenn k ap f*ck d*fi
m pa t gen on santim, m te sèlman gen rèv mwen
ou te kwaze m nan doulè a, ou met souri sou lèv mwen
[refren]
[kouplè 2]
san ou mizik mwen ap vid
m ap batay pou kenbe valè m yo nan on sèk visye
m mefyan, moun yo avid
ou konn jan rapè ye antre yo
detui ou san rezon men se yo k ap premye fè omaj jou y ap antere ou
m pa vle tounen on maryonèt
rap pou fè twal la plezi
m rap sa m viv, m viv sa m rap kote twaka pa onèt
m pa p lonje figi m, menm si se pou bo m
parano m ap wete kò m, avan yo pouse do m
listwa va di si m te gen rezon ou pa
15 zan pasyon, m pa regrèt on segond malgre m pran kou ba
ou pran m nan lari a, sou lalin ou mete m
men pi move santiman, se pa konnen si ou dwe ale ou si ou dwe rete
[refren]
[kouplè 3]
m fè lè m, rann fyè kèk patnè m
ou te di m koute kè m vanse, menm si nan mwen yo pa t kwè
ou sove vi m, donk m ta dwe viv li
ou ban m on non, ou ban m evazyon ou ban m on piblik
ou te bousòl mwen lè wout mwen te nwa
pi bèl moman yo m viv yo lwen kamera yo ret grave nan memwa m
m paka janbe dife ankò m vin on bèt a ke
epi, plis y ap remake m, se plis ou ap demake m
se lè pou m wete kò m, a quoi bon rete si ou pa la
yo di nan pa lontan ou ap tounen, ebyen jou a la
e pou lòt ki konn ap mande m si kèk rim ka nouri m
m pa tap fè mizik pou m viv, m tap fè mizik pou m pa janm mouri
[refren]
Random Song Lyrics :
- amor te necesito - zayana lyrics
- #hot16challenge2 - roxie (roksana węgiel) lyrics
- radio silence - acoustic - r3hab lyrics
- civic ex (feat. a-wall) - chroma (@thecolorchroma) lyrics
- si se nota qué - fernando monk lyrics
- macramé - heavy hearts lyrics
- secrets - curt kennedy lyrics
- 子♡丑♡寅♡卯♡辰♡巳♡ (neushitorautatsumi) - dempagumi.inc lyrics
- shankh naad - prakhyat roy lyrics
- vision 2 - tommyhenders lyrics